Sikilasyon nan vil Jeremi, totalman enposib depi aprè DINEPA/CTE JEREMI ak NKTMA finn kraze divès ri yo.

1,504

02-06-2023

Jeremi, Ayiti____ (TRiboLAND) Vil Jeremi depi yon bout tan la, zafè pou moun sikile nan machinn, sou moto, sou chwal, bourik, milèt e menm a pye, vinn yon kaskèt chinwa depi apwè Direksyon nasyonal dlo potab (DINEPA) te bay yon fim espayòl ki pote nom (NKTEMA) ki genyen kom enjenyè responsab mesye Emilio Jòba.

Pwojè reyabiltasyon ak adiksyon dlo potab pou vil Jeremi, koperasyon peyi Espayn nan kad koperasyon ak peyi Dayiti te bay yon anvlòp 8 milyon dola ameriken pou vil Jeremi.

Pwojè a ki ekziste depi sou administrasyon Prezidan Michel Joseph Martely a, pa janm ka fini. Fim (NKTEMA ) peyi Espayn sa a ke sitoyen espaynol ki rele Emilio Jòba ap dirije,ak Direktè jereral ( DINEPA) enjenyè Guitho Edwa Popilasyon an nan vil Jeremi konstate non selman pwojè la depi kèk ane li pa fini, men tou fim (NKTEMA) a ki genyen nan tèt li Emilio Jòba, san bliye dirèktè jeneral DINEPA enjenyè Guitho Edward, kraze divès ri yo nan vil Jeremi ki te konstwi sou administrasyon Prezidan pase yo.

Selon sa sitwayen nan site Poèt la fè TRiboLAND konnen, dlo pa janm ka rive nan robinè abòne yo nan vil Jeremi. Se yon veritab fo fim kap moute depi plizyè ane.

Nan sans sa, yo mande swadizan responsab nan peyi Dayiti kou nan peyi Espayn kote ke finansman an soti a, pou foure je gade kòman sa ye, paske depi yon bon boutan la a, responsab konpayi ak fim (NKTEMA) a leve tout batanklan yo, e yo kraze yon kite sa. “Sa ki pirèd, chak vil, kote kalmonson sa yo pase, se menm pratik la”, daprè yon pyeton, ki pa konnen ki sen pou li rele.

Antouka, siyasyon malouk ri yo nan vil Jeremi pa pèmèt oken aksesibilite nan sikilasyon an. Anbouteyaj, gagòt finansman ak pwojè medyòk, e administrasyon medyòk temwanye nan ki pwen dirijan ayisyen “desen anime” yo kapab efondre yon vil yon peyi ak zam kretinism.

Comments are closed.