Ekonomis Enomy Germain kalifye makiyaj, entèvansyon gouvènman Ariel Henry a sou pri gaz la.

813

07-23-2023

Pòtoprens, Ayiti____(TRiboLAND) Nan yon entèvansyon ki rann piblik jounen samdi 22 jiyè 2023 a, ekonomis Enomy Germain, kalifye makiyaj, entèvansyon gouvènman Ariel Henry a nan zafè desann pri gaz la.

Pou ekonomis lan, gouvènman kriminèl Ariel Henri a, bese gaz la sèlman nan yon pousantaj 1.75 %, alòske petwòl la bese plat atè sou mache entènasyonal la, swa nan yon pousantaj 12 %, depi septanm 2022 pou rive jis nan ane 2023.

Nan sans sa a, ekonomis lan fè konnen, gouvènman vwayajè PHTK Ariel Henry a, dwe founi popilasyon an esplikasyon sou fòmil ekonomik yo itilize pou retire sèlman 1.75 % sou gaz la.

Comments are closed.