Gwo tansyon, panik, katouch tire, wout nasyonal nimewo 2 bloke, barikad, kawotyou ap boule nan divès ri andedan vil Tigwav.

866

09-05-2023

Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Wout nasyonal nimewo 2 a bloke, barikad, anpil katouch tire, kawotyou ap boule nan divès ri anndan vil Tigwav jounen madi 5 septanm 2023 a.

Sitiyasyon sa a lakoz tout aktivite yo te paralize nan vil la, kote sektè transpò a, mache piblik yo, biwo transfè yo, bank yo, biwo leta tankou prive rete ak pòt yo fèmen.

Se yon gwoup jèn gason ki abite bò lopital jeneral Notre Dame Tigwav, ki revandike yon parèy van tansyon nan site Faustibn Soulouque la. Pwotestatè yo deklare yo, yo fè mouvman sila a, se nan lide pou mande demisyon premye minis defakto Ariel Henry a, akòz yo di, li pa kapab amelyore kondisyon vi pèp ayisyen an.

Jèn sa yo montre yo kritik fas ak otorite yo; yo estime ki pa gen volonte pou rezoud fènomèn ensekirite jeneralize a ki genyen nan peyi a depi plis pase 2 zan.

Yon lòt kote, frustre yo ki presize yo pap louvri lekòl la ak premye minis defakto Ariel Henry, paske yo fè konnen, ensekirite, grangou, mizè tout kalite, se sèl kòk chante nan pouvwa tèt kale 3èm lòbèy la.

Comments are closed.