Amelyorasyon sou sitiyasyon zòn gang Ti Bwadòm: plizyè medya lokal deklare Ariel Henry fè manti kon chyen

1,024

10-26-2023

Pòdpè, Ayiti______(TRiboLAND) Kèk medya nan depatman Nòdwès la demanti PM Ariel Henry ki ta vle fè kwè genyen yon amelyorasyon sekiritè sou wout Pòdpè a.

Selon enfòmasyon ki arive antre nan sal redaksyon TRiboLAND, sitiyasyon antreprenè Nòdwès kontinye ap pèdi plim anba men bandi sangwen kidnapping, ki genyen yon latriye kontenè siman ak anpil lòt pwovizyon anba men yo.

Se vre genyen nouvo direktè (Cetoute) lapolis Nòdwès ap batay ak zong yo, kont bandi, patikilyèman nan vil Pòdpè; sa pa anpeche Ti Bwadòm chaje ak pwovizyon e moun ke yo kidnape. Konsa, deklarasyon Ariel Henry a, pa genyen avèk vrè reyalite depatman Nòdwès la ki pa sispann ap pran lanm anba men nèg Ti Bwadòm.

Pou kèk medya lokal, Ariel Henry varye e menm ap voye flè sou yon seri fo “enfòmasyon souflantchou” ki repwezante pouvwa PHTK a, ki bezwen fè pouvwa sangwen konnen ke tout bagay ap byen pase nan Nòdwès peyi a.

Antouka, kèk politisyen opòtinis ou enpostè kap jere yon “pla cho” nan Nòdwès peyi a, pa sispann fabwike ou glise fo enfòmasyon, nan tèt kole ak pouvwa sangwen an, ki pa janm voye je gade “peri pesi” ou pwoblematik depatman Nòdwès la.

Amelyorasyon sekirite nan Ti Bwadòm nan, se konplètman manti; se dilatwa ki pa sanble ak reyalite. Se manèv ki voye nan kwen vrè pwoblèm (sekirite, kidnapping, katastwòf ekolojik, grangou, salte, elektrisite, enjistis, absans minisipalite, fatra, kòripsyon) depatman an.

Comments are closed.