Popilasyon Granbasen an ap fè preparasyon pou fèt Notre-Dame de Lourdes

1,265

02-09-2023

Granbasen, Ayiti ____(TRiboLAND) Nan yon entèvyou Majistra prensipal komin Granbasen an Valdy bay TRiboLAND jounen jedi 09 fevriye 2023 a, li fè konnen, menm lè sitiyasyon peyi a pa bon yap wè kisa yo ka fè pou fèt Notre-Dame de Lourdes la.

Majistra esplike genyen plizyè pon ansyen prezidan Jovenel Moïse tap konstwi ki pat rive fini, avèk sipò TPTC nan depatman Nòdès peyi a, yo rive amelyore divès twou ki te yon gro menas pou pon sila yo. Valdy kontinye pou’l di ke se popilasyon an menm ki mete men ansanm ak men kontre, pou n site pawòl Majistra a.

Antouka, nan okazyon fèt Notre Dame de Lourdes la, anpil ti jefò ap manniganse nan Granbasen, kote divès aktivite prevwa fèt. Demen vandredi 10 fevriye a, Tropicana Dayiti ap gen pou jwe an gran panpan, samdi kap gen plizyè lòt aktivite tankou match foutbòl, yon ti vizit ap pran chè nan zòn baraj Maryon, alòske 11 fevriye se va yon seremoni relijyez ki pral klotire anbyans yo ak yon gro festival nan sware 11 fevriye a .

Divès peleren deja kòmanse parèt tèt yo nan Granbasen, kote popilasyon an li menm ap travay kon Mèt Jan Jak nan pentire kay yo ak netwayaj pou fè frechè blayi.

Jn Simon Manex mjsnews701@gmail.com

Comments are closed.