Eskanmòtè yo pa arive idantifye, kase DGI Tigwav la.

1,383

02-06-2023

Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Eskanmòtè yo pa rive idantifye, kase DGI Tigwav la nan lannwit dimanch 05 pou louvri lendi 6 fevriye 2023 a, daprè jij depè sipleyan Valenbrun Jasmin ki te pwosede ak konsta legal zak kriminèl la.

Selon jij Valenbrun Jasmin, kanbriyolè yo itilize mi enstitisyon an pou yo moute epi fòse defonse pòt biwo direktè a e pote ale plizyè milye goud. Endividi sa yo tante kase menm konfrefò ki genyen materyèl sansib yo: tankou tenb Paspò, matrikil fiscal ak lòt bagay ankò.

Majistra Valenbrun ki esplike, direktè a pat an mezi pou presize konbyen lajan yo pran; sepandan li deklare yo pote ale divès milye goud, dega yo konsiderab selon sa jij depè a deklare ke direktè DGI a rapòte li.

Tout fwa, mèt Valenbrun presize, li pral achemine pwosè vèbal konsta a bay komisè gouvènman pakè jiridiksyon Tigwav la, Pierre Elioth Paul pou swit nesesè.

Nap siyale, sitiyasyon sa a lakoz anplwaye yo pat travay pandan jounen lendi a.

JOICY Arnold

Comments are closed.