Yon aktivite reyalize anba tèm “Jounen Sante” òganize nan pak endistriyèl Kodevi nan fabrik MD.

1,275

02-05-2023

Wanament, Ayiti ___(TRiboLAND) Se nan yon anbyans ki te gen a anpil chalè pak endistriyèl Kodevi (nan Fabrik MD ) rive reyalize yon si bèl aktivite anba tèm “Jounen Sante ” samdi 4 ak 5 fevriye 2023 a.

Kote, daprè divès enfimyè ak doktè ki te prezan fè konnen se avèk kè kontan yo te rive patisipe nan gwo kokenn chenn aktivite sila ki se “Jounen Sante” ki te reyini doktè dominikèn melanje ak doktè ayisyen .

Doktè Serge Titus ki tap patisipe, fè konnen vandredi 3 fevriye 2023 a se te moman pou te konsilte travayè Kodevi yo ak bay yo sèvis ki nesesè e samdi 4 fevriye 2023 a, se pou pitit yo ki te benefisye konsiltasyon ak medikaman e distribye jwèt bay timoun yo ak yon bèl aktivite kiltirèl. Doktè Serge remèsye tout moun ki te asepte envitasyon l lan epi te vin patisipe avèk yo.

Nap raple te gen echanj dyalòg, manje ansanm, ant plizyè medsen domiken tankou ayisyen ki tap travay ansanm.

Jn Simon Manex mjsnews701@gmail.com

Comments are closed.