Fondasyon TriboLAND : Yon lòt jounen fòmasyon gratis sou sistèm fotovòltayik nan Senlwidinò.

1,315

02-05-2023

Senlwidinò, Ayiti______(TRiboLAND) Gras avèk konplisite komite TRiboLAND nan Senlwidinò, jan sa te prevwa, fòmasyon Fondasyon TRiboLAND te kòmanse ak seyans fòmasyon sou pano solè a byen bonè maten dimanch 5 fevriye 2023 a nan Lekòl Nasyonal Chemen Degranj lan.

Yon sal ki boure avèk patisipan ki soti nan diferan kwen nan komin Senlwidinò ak Ansafolè. Kontni ak metodoloji sou dispansasyon klas sistèm fotovòltayik la te trè ‘high tech”, si nou ta vle kwè kèk temwanyàj. Li dote etidyan yo yon kalite aprantisaj ki trè soutni. Tout sa, se gras ak konpetans Enjenyè chevrone Hugues Saliner Fils Batail, ki se yon natif Pòtoprens.

Antouka, TRiboLAND, ki pa senpleman yon jounal anliyn, men yon avangadis ki rete kwè ke sitwayen ayisyen eksplwate yo dwe genyen aksè a yon kou fòmasyon gratis ki kapab ede yo devlope yon konpetans abilite pou suviv nan yon peyi inik ki se Dayiti.

Atelye a ap pran fen, nan fen jounen jodi dimanch lan, patisipan yo ap genyen pou resevwa yon sètifikasyon apropriye pou yon parèy eksplwa ou akonplisman atravè TRiboLAND.

Comments are closed.