Gwoup BSAP Nòdwès yo, debake e pote ranfò sou kanal Rivyè Masak la, nan vil Wanament

949

10-02-2023

Wanament, Ayiti_____(TRiboLAND) Mesye pwotektè BSAP Nòdwès yo revi an granmoun sou kanal la nan Wanament, jodi lendi 2 oktòb 2023 a. Yon aparisyon ki antre nan kad pote kole ak solidarite kap manifeste nan mitan popilasyon ayisyèn nan.

Alatèt delegasyon BSAP Nòdwès, Agwonòm Marc Lubens ki te pwofite nan moman li tap pale ak lapwès, reyenkane Enkonparab Ewo Kapwa Lamò, tap envite dyaspora ayisyèn pou li antre vinn mete men nan pat la, yon fason pou nou pa rate okazyon bab e moustach ke kanal la ofwi jounen jodia.

Poze kesyon pou konnen jiska kilè yon parèy pote kole ap pran fen, agwonòm deklare yo pa genyen lè; sof ke yo la jiskobou nan kad ranfòse pwezans fòs BSAP yo nan Wanament.

Comments are closed.