Dezyèm seksyon Lamin nan komin Kapotiy ap fè fas ak gro problem sosyàl e sante

2,992

06-17-2022

Chanbelan, Kapotiy, Ayiti____(TRiboLAND) Abitan k’ap viv nan dezyèm seksyon kominal Lamin, abitasyon Chanbelan pou komin Kapotiy ap fè fas ak tout kalite problèm tankou : sante, lekòl, mache pou ekoule prodwi nasyonal yo, elektrisite, wout, ankadreman pou agrikiltè yo, daprè sa plizyè nan yo fè konnen nan mikro Ouanaminthe Info Plus.

Abitasyon Chanbelan se yon zòn ki fè anpil manje tankou manyòk, chou, kakawo, mayi, pwa san konte plizyè milye tono pistach yo pwodwi chak ane daprè Gerson ST-FLEUR alyas Andrié.
Yonn nan pigwo problèm zòn Chanbelan, se nesesite yon mache agrikòl pou fasilite entrodiksyon pwodwi agrikòl yo. Andrié presize poul di, se Dominiken ki achte prodwi nan men kiltivatè yo e se nan pri yo vle.

Roland Antoine JOSEPH kise yon ansyen KAZEK nan seksyon an eksplike kantite mizè y’ap pase anba ponyèt chevalye denwi yo, tèlman y’ap pran tibèt yo e dèfwa menm antre lakay yo. Li tou profite mande PM Ariel HENRY poul mete sekirite nan peyi a paske fenomèm ensekirite a fè yon gwo enpak sou yo nan sektè agrikòl la. Marie-Lourdes Charles kise Kòdonatris Mouvman Fanm Mengo (MFM), pa kite dlo nan bouch li poul montre peripesi medam yo ap pase nan Chanbelan, sitou lè yo bezwen akouche; pandan l fè konnen se gras a yon sant transfòmasyon òganizasyon an genyen nan zòn lan ki pèmèt lè kiltivatè yo fè yon manje yo jwenn yon kote pou yo transfòme l menm si yo pa gen mache pou ekspoze prodwi yo.

Agronòm PIERRELUS CAROLIN ki se yon jèn nan Chanbelan nan tèt kole avèk Monel Charles ki toujou mete konesans yo disponib pou kiltivatè yo, eksplike kantite manje ki konn rete gate nan jaden peyizan yo akoz yo pa genyen wout ak mwayen transpò pou transpòte provizyon alimantè yo. Monel Charles di pandan rès pèp la ap mouri ak grangou, moun nan Chanbelan genyen anpil manyòk ak anana kap gate nan jaden yo akoz peyizan yo pa jwenn akonpanyeman nan men leta koupyon ayisyen an.

Jn simon Manex, TRiboLAND


Comments are closed.