Grandans sekirite: Lapolis flite yon manm gang Lafito ki te vinn pran refij nan komin Chanbelan

1,009

02- 05- 2023

Chanbelan, Grandans, Ayiti_____(TRiboLAND) Jonelson Alphonse, se non yon prezime bandi ki fè pati gang Lafito nan Pòtopwens, ki vinn pwan refij li nan komin Chanbelan e jwenn lanmò l jodi samdi 4 fevriye 2023 a, nan boukantaj kout zam ak fòs lòd yo.

Nap raple, nan kad travay lapolis la pou tabli lapè ak sekirite pou tout moun; sa fè yon 2èm prezime bandi ame ak gro zam otomatik ke fòs lòd yo arive blese mòtèlman

Konsa, dezòmè lapolis nan komin Chanbelan voye yon pinnga bay tout anvayisè ki pèdi patiraj e ki panse yo kapab vinn rann peyizan yo lavi di; kidonk, Chanbelan ap reprezante yon simityè pou yo.

Nan objektif pou konbat tout fòm banditism, otorite responsab yo nan komisarya Chanbelan an mande sèlman plis mwayen pou yo bay pi bon rezilta. Paralèlman, yo mande popilasyon Chanbelan an kontinye denonse nèg ak zam kap komèt zak malonèt nan komin nan.

Comments are closed.