Asosyasyon fanm Madeline (AFM) klotire pwojè pou pwomosyon Dwa sou Sante Seksyèl ak Repwodiktiv nan depatman Nò

1,155

02-05-2023

Kap Ayisyen, Ayiti ___(TRiboLAND) Asosyasyon Fanm Madeline klotire jounen samdi 4 fevriye 2023 a, pwojè apwi pou pwomosyon Dwa sou Sante Seksyèl ap Repwodiktiv. Yon pwojè ki te kouvri plizyè zòn nan Depatman Nò a, tankou : Madlin, Petitans, Sen Michèl, Avyasyon, Boden ak Kap Ayisyen.

Anndan pwojè sila, responsab yo arive te fòme plis pase 40 lidè sou Dwa fanm yo ki pa sispann sibi zak malonèt nan sa ki gen pou wè ak relasyon seksyèl; prekosyon fanm yo dwe pran nan sa ki gen pou wè ak repwodiktisyon. Nan menm faz egzekisyon yon parèy pwojè, yon konkou literè te òganize pou 10 patisipan, ki yo chak benefisye yon laptop.

Pwojè sila, te jwenn finansman Anbasad Lafwans, medam yo te trè rekonesan e te remèsye Anbasad la, ak òganizasyon ATED ki te akonpaye yo pandan yo tap reyalize aktivite yo soti janvye pou rive jodia.



Comments are closed.