Nòdwès: Otorite lokal yo mande pou KPT a revoke Majistra enterimè Pòdpè a ki genyen 10 lane ap benyen nan koripsyon

501
0
Share:
TRiboLAND

Pòdpè, Ayiti _____(TRiboLAND) Plizyè otorite lokal nan depatman Nòdwès la, pami yo kazèk, azèk ak delegasyon vil yo, lanse yon apèl bay Konsèy Prezidansyèl Transisyon (KPT) pou yo mete yon fen nan manda Majistra enterimè Josué Alusma nan tèt Mèri Pòdpè a.

Daprè deklarasyon yo, Alusma ki nan direksyon Mèri a depi anviwon 10 lane, kite dèyè yon bilan negatif e san sal. Yo kalifye posti administrasyon li a “medyòk”, epi akize majistra a de plizyè zak malonèt, enkli kònivans ak gwoup bandi kap opere nan Ti Bwadòm.

Otorite lokal yo raple tou ke Josué Alusma pa abite nan komin lan, men sèlman parèt lè li gen enterè pèsonèl pou regle. Pou yo menm, Mèri Pòdpè a tounen yon enstitisyon ki plonje nan eskandal e ap naje nan koripsyon.

Nan demach yo, yo tire atansyon sou atik 62, 63, 63-1 ak 64 nan Konstitisyon an, ki fè yo manm entegral nan administrasyon komin lan. Yo denonse lefèt ke, malgre sa, majistra a pa janm kolabore ak yo, tankou komin lan se byen prive-l.

Otorite yo mande pou KPT a pran responsabilite-l rapid, pou retire yon enpostè tankou Josué Alusma nan tèt Mèri a, epi ouvri pòt pou yon lòt jan jesyon piblik la fèt nan komin Pòdpè.

Share:

Leave a reply