Kazèk yo nan Grandans, bwase lide sou avan pwojè refòm Konstitisyon an.

432
0
Share:
TRiboLAND

Jeremi, Ayiti_____(TRiboLAND) Jounen samedi 14 jen 2025 lan, sou direktif Federasyon Nasyonal Kazèk Dayiti, kazèk yo ki te sòti atravè karant sèt seksyon kominal depatman Grandans lan, reyini nan Vètigo, nan objektif pou bwase lide ak fè pwopozisyon sou avan pwojè Konstitisyon 1987 lan.

Atelye yo, ki te regwoupe tout kalite tandans, te mete aksan sou atik ki baze sou kesyon kolektivite, desantralisyon, otonomi, e ekonomi; yon estrateji ki te mete tout kazèt nan chan aksyon yo.

Dapre manm delegasyon FENACAH a, ki se yon asosyasyon kazèk, tankou asosyasyon kazèk yo nan Grandans, divès manm nan sosyete a, ap genyen pou soumèt bay FENACAH tout pwopozisyon yo sou refòm Manman Lwà peyi a, ki se Konstitisyon 1987 lan.

Share:

Leave a reply