Pou demare ak posesis pwogram alfabetizasyon an nan Grandans, plizyè santènn jenn gason ak jènn fanm resevwa fòmasyon.

278
0
Share:
TRiboLAND

11 – 23 – 2025

Jeremi, Ayiti_____(TRiboLAND) Pou demare ak posesis pwogram Alfabetizasyon gouvènman anplas la, sekretè deta pou alfabetizasyon gouvènman KPT a ak Fils Aimé a, jounen samedi 22 novanm 2025 demare ak yon gro sòlòkòtò aktivite fòmasyon twa jou, nan lokal sant EFAKAP la nan Jeremi. Se konsa, plizyè sant jènn fanm ak jenn gason ki soti nan divès komin depatman Grandans lan, te enpoze pwezans yo.

Daprè sekretè deta pou alfabetizasyon an, pwofesè Mozart Clairisson, moun sila yo pwal sèvi kòm sipèvizè , monitè ou monitris kap genyen pou misyon montre vensenk jiska trant granmoun li ak ekri nan sant alfabetizasyon yo, selon pwensip ki etabli nan zafè alfabetizasyon nan peyi Dyiti.

Sik fomòmasyon yo ap dire twa jou selon responsab yo; aprè evalyasyon y’ap retni moun ki fè bonn nòt yo, pa definision sa pwal fasilite yo antite konsène siyen yon potokòl dakò ak leta ayisyen via sekreteri deta pou alfabetizasyon.

Share:

Leave a reply