Yon politisyen Larusi ofwi tèt li pou vwayaje nan Florid e pou selebwe liberasyon pwezidan Trump nan kad chaj pou te destitye li

0 379

Wachentonn__(TRiboLAND) Lidè pwo-nasyonalis Pati Liberal ak Demokratik Larusi a, Vladimir Zhirinovsky, bay gwo ochan e felisite Pwezidan Trump for liberasyon li devan Sena Etazini an e sijere ke li menm ak tout manm pati a, san bliye Pwezidan Larusi a Vladimir Putin pou ta vizite pwopwiyete luksyez pwezidan Trump lan ki nan Florid yon fason pou yo ka “sable chanpay ansanm pou siksè a.”

“Mwen felisite w pou viktwa ou ranpòte devan Sena a ak echèk rayisans ak fos akizasyon ke yo te pote kont ou,” dapwè Zhirinovsky nan yon tweet. “Jodia ou se lidè modèl pou yon gwo peyi modènn e youn nan pwezidan ki fò ke Etazini pa jamè konnen.”

Zhirinovsky te rapouswiv pou li denonse pwezidan Chanm Depite a,  Nancy Pelosi (D-Calif.) ansanm ak Senatè Mitt Romney (R-Utah), ki se inik Repibliken ki te vote pou destitye Trump sou fotèy boure a.

________________________________________________________________________

Владимир Жириновский@Zhirinovskiy

Dear @realDonaldTrump, I congratulate you on your victory in the Senate and the failure of vile and false accusations against you. Today you are the model leader of a huge modern state and the strongest president the US have ever had.

119

2:11 AM – Feb 8, 2020

Leave A Reply