Gwo bouch louvri, zam rale, katouch tire ant pwopriyetè bòlèt ak responsab asosyasyon Telansye Bòlèt yo (ANTB) nan Tigwav.

1,349

02-04-2023

Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Gwo bouch louvri, zam rale, anpil lapli katouch tire ant pwopriyetè bòlèt yo nan Tigwav ak asosyasyon Telansye Bòlèt (ANTB) jounen samdi 04 fevriye 2023 a, akòz yo refize peye kontwibisyon leta reklame a.

Yon sitiyasyon ki lage gwo panik enkyetid ak leve kouri bò kote popilasyon an, sitou peyizan yo ki te vin vann ti demele yo, te nan gro difikilte pou yo vake ak okipasyon komès yo.

Lesly Center Bòlèt, La Confiance Bòlèt ak Michelet Bòlèt, se kèk pami bank bolèt (ANTB) ki arive fèmen epi jwenn poze sele akòz yo pa onore promès yo depi plizyè ane.

Pwopriyetè bòlèt yo, sou bò pa yo, ki pat vle bay twòp detay, pa mete dlo nan bouch yo pou te salanbe konpòtman responsab asosyasyon Telansye Bòlèt yo (ANTB), yo di ki debake ak gwo zam akonpaye jij depè, poze sele epi fèmen bank bòlèt yo san yo pat jam avèti yo. Yon dosye TRiboLAND ap swiv.

JOICY ARNOLD

Comments are closed.