Pòdpè :  yon gro chèf gang mouri lapide aprè altèkasyon ak kèk chofè moto

1,593

04-20-2022

Madlon, Pòdpè_____(TRiboLAND) Dosou ensikoni, ti frè Eric, yon lòt gro chèf gang kap rache separe nan Lakwà Sen Jozèf, jwenn lanmò li jodi mèkredi 20 avril 2022 a nan yon lokalite ki rele “Nan Madlon”, ki a kèlke kilomèt vil Pòdpè.

Lanmò chèf gang sangwen an vini aprè yon diskisyon ak yon seri chofè moto siklèt nan zòn Madlon. Plizyè moun fè yon va sou kidnapè Dosou; yo lapide l ak wòch, manchèt ou kout baton nan tèt jiskaske li kite sa.

Nap raple, Dosou se frè chèf gang Eric ansanm avèk yon lòt frè ki te deja mouri nan aktivite kidnapping ak bandism.

Comments are closed.