Delege Nò a lanse avètisman sou rejè biyè 10 goud la

551
0
Share:
Triboland

Kap Ayisyen, Ayiti _____(TRiboLAND) Delege depatmantal Nò a, Marc Présumé, mete aksan sou nesesite pou tout sitwayen respekte lajan peyi a, kèlkeswa valè li. Nan yon deklarasyon li fè nan laprès, li kondane pratik kote kèk machann sou mache yo kontinye rejte biyè 10 goud la. Selon li, biyè sa se yon mwayen legal pou fè tranzaksyon epi okenn moun pa gen dwa refize li.

Li fè konnen, moun ki kontinye refize aksepte biyè 10 goud l, ap sibi mezi nesesè ke Leta ap pran kont yo. Li presize sa se pa sèlman yon zak ilegal, men se tou yon afwon ak otorite Leta a. “Okenn moun pa gen dwa di yo pap pran biyè sa. Se lajan peyi a. Se tankou yo minimize Leta,” se sa Delege a deklare.

Delege a envite tout moun ki viktim refi sa sou mache yo, pote plent bay lajistis. Li di otorite yo pare pou aji rapidman kont moun ki vyole dwa konsomatè yo e ki refize sèvi ak lajan ofisyèl peyi a. Apèl la klè: tout aktè nan komès dwe jwe wòl pa yo ak respè pou règleman echanj ekonomik ki tabli nan sosyete a.

Share:

Leave a reply