Tigwav arestasyon- Lajistis nan tèt kole ak lapolis pwosede ak arestasyon 2 ponpis raketè.

1,175

02-05-2023

Tigwav , Ayiti ___(TRiboLAND) Nan yon “operasyon chache gaz” kap vann ilegal nan vil Tigwav, lajistis nan konplisite ak lapolis pwosede ak arestasyon 2 ponpis kap vann galon gaz 750 goud pandan sware 04 fevriye 2023 a vè 7 tè konsa ,daprè komise gouvènmen pakè jiridiksyon Tigwav la, Pierre Elioth Paul.

Chèf pakè a, ke popilasyon an apèn bay yon ti sinon “komisè is back”, deklrare li dekrete la pèmanans, depi yo kwaze ak yon ponpis kap vann galon gaz la 750 goud yap pwosede ak arestasyon li. Administratè pakè a Pierre Elioth Paul ki presize leta fikse galon gaz la a 570 goud, okenn moun pa gen dwa ap fè konsomatè yo peye li a pri pa yo.

Nap siyale, “Komisè is back” la, Pierre Elioth Paul pwofite anonse yon “operasyon chache gaz” ilegal atè nan tout rejyon gwavyèn nan pandan l di li pap jwe, e fòk otorite leta respekte nan jiridiksyon lap dirije a.

JOICY Arnold

Comments are closed.