Nodès / Enfrastrikti : Repriz Travay sou Santral elektrik komin Karis la

2,601

05-28-2022

Karis____(TRiboLAND) Nan Yon tweet Premye Sitwayen komin Karis la, Majistra p lage deyò madi 17 me 2022 a, li anonse repriz travay yo nan rejyon an.

Majistra Amid Gabriel anonse repriz aktivite yo ap konsantre sou Santral Elektrik komin Karis lan; toujou daprè menm twit la, li fè konnen deja gen teknisyen ki deja disponib nan depatman an pou delivre yon parèy sèvis ki gen pou wè ak divès faz pwojè a. Nan sans sa, Msye Gabriel reklame kolaborasyon tout popilasyon pou reyisit yon si trè bèl projè.

Yon projè ki te inisye anba lobedyans ansyen prezidan Jovenel Moïse, nan lane 2020 an, e ki te dwe inogire nan mwa out 2021 pase a. Aprè lanmò ansyen chèf deta a, te gen enfòmasyon ki te vle fè kwè gen nèg ki gen gwo enterè nan komin nan ki ta vle fè pwojè a vire an santral prive yo; yon bagay ki te leve plim sou do menm kèk manm katèl majistra kap dirije a.

Jn simon Manex, Triboland

Comments are closed.