Gro zak eskanmòtè brote pote ale enstriman Òkès Tropikana Dayiti

234

12\12\20

Kap Ayisyen______(TRiboLAND) Nan lanwit vandredi 11 desanm pou leve samdi 12 desanm eskanmòtè  chaje pote ale plizyè enstriman Òkès muzikal tropikana Dayiti kit e trouve yon nan Night Club group muzikal selèb la nan Okap Ayisyen.

Selon enfo ke responsab fòmasyon muzikal la mete deyò, eskamòtè yo penetre espas djaz la san onè san ti mouchwa e pran plizyè enstriman tèt nèg nan local respèktif òganizasyon Tropikana a.

Pou tout rezon sa yo, responsab yo fè piblik la konnen pou yo pa achte oken enstriman uzaje e ede yo rele “bare vòlè” dèyè tout sispèk ou moun kap vann enstriman uzaje san papye, fè yon kout lanbi nan numero sa yo san pèdi tan: : 31497814 | 3718-5858 | 3722-0255

Comments are closed.