Akò 21 Desanm: Brian Nichols swete wè yon antant lajman laj

1,182

Wachenton, Etazini______(TRiboLAND) Sou-sekretè Deta ameriken pou emisfè oksidantal la, diplomat Brian Nichols bat bravo pou “Akò 21 Desanm” nan ki genyen pou wè avèk plizyè gro chabrak politik kap fè bwas pou deplwòtonnen kriz politik la nan peyi Dayiti.

Sepandan, atravè yon tweet ke li fè jedi 5 janvye 2023 a, diplomat Nichols, deklare ke li ta swete wè yon parèy “Akò”, degaje plis konsansis ki lajman laj e ki kore ak fleksibilite bò kote dirijan nan tout klas, yon mannyè pou demare ak refòm, demokrasi ak amelyorasyon dosye sekirite yo.

Sevre genyen yon latriye aderan “Akò 21 Desanm” nan ki deklare ke yo ouvè 2 bwa yo bay lòt pati ou groupman politik yon fason pou retire peyia nan pikan gwannan an; sepandan genyen anpil lòt ki yon tijan pentad e menm chwazi pa sinye yon parèy dokiman ki gen pou wè avèk akò a.

Comments are closed.