Komisè Minisipal Marckenzy Jean Noël enstale nan tèt komisarya Kap Ayisyen an

911

01-12-2023

Kap Ayisyen, Ayiti ___(TRiboLAND) Komisè Divizyonè Frantz Mathurin, ki se Direktè depatmantal PNH la nan depatman Nò a, enstale Komisè Minisipal Marckenzy Jean Noël nan tèt komisarya Kap Ayisyen an, jounen mèkredi 11 janvye 2023 a.

Chanjman sa fèt nan kad strateji sou nouvo plan sekirite DDN / PNH la, nan tèt kole ak Direksyon Jeneral la, ki vize pou amelyore ak pèmèt gen yon klima sekirite nan 2èm vil peyia.

Komisè Minisipal Marckenzy Jean Noël, ki ranplase Kominisè Minisipal Paul Henry Pennette pwomèt li pral travay nan tèt kole avèk tout kolaboratè yo pou yo bay yon meyè rezilta.

Comments are closed.