Yon Doktè jwenn arestasyon l apwè ke yon gwoup enfimyè akize l ke li touse sou yo volontèman

0 457

Konektikèt___(TRiboLAND) Yon doktè nan Konektikèt jwenn arestasyon li apwè ke yon gwoup enfimyè rapòte bay lapolis dèske li volontèman anbwase yo e touse sou yo nan moman kowonaviris pandemi an.

Dr. Cory Edgar, 48 lane tonbe anba chaj leta apwè ke Lapolis ak Inivèsite Konektikèt arete li yè Jedi kit e 27 Mas 2020 an. Dapwè rapò lapolis, plizyè temwen akize Edgar deske li te fè “ekspwè pou touse sou enfimyè yo, anbwase yo e lakoz yo pran gwo panik ak kè sote”.

Edgar ki se yon asistan pwofesè operasyon òtopedik, te resevwa yon sitasyon kriminèl pandan ke administrasyon inivèsite a ap revise ensidan an.

Travayè sante y oak temwen yo reyèlman kwè ke Edgar te fè ekspwè e chwazi inyore espas ak pwoteksyon rekòmande yo ki gen pou wè avèk kowonaviris pandemi a”, dapwè pòtpawòl inivèsite a, Stephanie Reitz.

Leave A Reply