NON ! AYTI PAT FONDE SÈLMAN POU FANM AK NÈG KAP VIV NAN REJYON METROPOLITÈN LAN.

863

Bonjour,
Kafe sivik lendi 30 janvye 2023

Kolektivite Tèritoryal, Desantralizasyon, Ròl Sosyete Sivil ak Pati Politik yo

Chè konpatriyòt,

Nou sezi okazyon diskou Prezidan Akò MONTANA, Mesye Fritz Alphonse JEAN, pou mande BSA Montana konpoze pwòp Gouvènman pa li avèk 12 manb o maksimòm:
1) yon (1) manb ap sòti nan chak Depatman ( 5 Medam ak 5 Mesye);
2) de (2) manb ap sòti nan dyaspora( yon (1) Madam ak yon (1) Mesye);
3) yon tiraj osò ap fèt pou konen ki depatman kap chwazi Medam yo epi ki Depatman kap chwazi Mesye yo.
4) Prezidan Montana ap enstale Premye Minis la epi aprè Gouvènman an;
5) Premye Minis la ap bay chak Minis yon fèy de rout.
6) Chak Minis ap fòme kabinè li;
7) Nap Fè Eleksyon pou tout Kolektivite Tèritoryal yo pou rive nan Konsèy EntèDepatmantal;
8) Nap kreye yon Konsèy Konstitisyonèl pou amande konstitisyon wan;
9) Epi Prezidan Montana ap mande yon Vòt ant Konstitisyon Gouvènman Ariel Henry ak Gouvènman Montana a. NOU PA DAKÒ AK KONSÈY KONSTITISYONÈL NI KONSÈY ELEKTORAL Premye Minis ENDEKSE nan ASASINA Prezidan Jovenel Moïse la;
10) Prezidan ak Premye Minis Montana ap negosye ak Depatman Kote yo fèt la pou yo pa voye yon lòt manb nan Gouvènman. Otreman di, Depatman Lwès ak Nòdès deja gen 2 Mesye nan Konsèy Nasyonal EntèDepatmantal ak Dyaspora ( KONED).

NB Administrasyon saa ap yon Administrasyon Benevòl. Tout konpatriyot angaje ki pa Dakò ak FO Konsensus Nasyonal Gouvènman an lib pou pote kontribisyon yo pou ka ede Administrasyon OPOZISYON wan.
Patriyotik salitasyon
Hérard LOUIS
Jenèv, lendi 30 janvye 2023

Comments are closed.