Yon nouvo pòt pawòl enstale nan tèt PNH la

07 – 06 – 2024
Pòtoprens, Ayiti ______(TRiboLAND) Yon nouvo pòt pawòl enstale nan tèt Polis Nasyonal Dayiti a, Komisè Divizyonè Michel Ange Louis Jeune kòm nouvo pòt vwa enstitisyon an jounen vandredi 05 jiyè 2024 la.
Michel Ange Louis Jeune ranplase nan pòs sa Komisè Garry Desrosiers ki li menm transfere nan Direksyon planifikasyon estratejik ak devlopman PNH la.
Se nouvo Direktè Jeneral PNH la, Normil Rameau ak Enspektè Jeneral la, Péyo Smith ki te pwosede ak enstalasyon sila. Chanjman sa yo fèt nan kad pase men Wo kòmandman PNH la ap fè pou remanbre enstitisyon an sou dezyèm vèsyon Normil Rameau kòm DG PNH la.






