OEA mande otan sou zak vyolans yo ki pap mennen oken kote

0 464

Okap__(TRiboLAND) Òganizasyon Leta Amerikènn atravè repwezantan li, Louis Amalgro kondane ak tout dènye zak vyolans nan jounen manifestasyon Ajan SPNH nan reklame mèyè tretman ak dwa yo pou fòme sendika.

Nan yon tweet ke li fè sòti, Sekretè Jeneral Òganizasyon Leta Amerikènn nan pwezante kondòleyans ak tout fanmiy ki viktim nan dènye jou sa yo. Li estime ke vyolans pa gen plas yo sou oken fòm sitou avèk lide pou chanje avèk vyolans rejim demokratik sa ki an plas la.

Dyalòg, stabilite, ak fòmasyon yon gouvènman ak eleksyon palmantè lòske li posib dapwè gran toryan OEA ki mande otan sou zak vyolans yo.

Leave A Reply