Ensekirite: Boukantaj kout zam ant fòs lòd ak gang sangwen nan Meyòt

1,014

04-20-2023

Pòtoprens, Ayiti____(TRiboLAND) Pòtpawòl PNH la, Garry Desrosiers konfime gro katchou boumbe kout zam tap vale teren ant fòs lòd yo ak bandi sangwen ame ki tap fè tantativ pou mete lokalite Meyòt, nan komin Petyonvil anba kontwòl yo.

Plizyè kontenjan polisye ki te detache pou pote ranfò; alòske lòt ajan PNH ki te sou plas te deja ap fè bwas pou repouse sangwen ame yo nan mitan jounen mèkredi 19 avril 2023 a nan Petyonvil.

Se konsa, afrontman san mesi yo nan Meyòt, okazyone lanmò yon ti fiyèt ak yon ti gason inosan ki pran plizyè bal.

Comments are closed.