Leta ayisyen nan tèt kole ak Inyon Ewopeyèn, distribye bay Direksyon Zafè Sosyal branch Nòdwès la plizyè motosiklèt tounèf

1,010

Gras ak benediksyon pwogram alimantè milti sektoryèl PMSAN ak FÈD, direksyon zafè sosyal branch Nòdwès la rive distribye plizyè moto bay anplwaye yo.

01-26-2023

Pòdpè, Ayiti____(TRiboLAND) Nan sousi pou soulaje sipèvizè pwogram PMSAN yo, Leta ayisyen nan tèt kole ak Inyon Ewopeyèn distribye plizyè motosiklèt nan Nòdwès ak nan Ba Latibonit.

Nan moman yo tap remèt moto sa yo ki tounèf, yon gwo seremoni te rive òganize nan lokal direksyon zafè sosyal ak travay branch Nòdwès la, jounen jedi 26 janvye 2023 a.

Anpil anplwaye ak anplwayè bat gwo bwavo lakontantman akòz gwo jefò sa a, ki pral rann travay yo pi efikas. Anplwaye yo nan moman seremoni an, te tou pwofite remèsye direktè bwat sila, Mesye Benedicte Calixte, pou kantite enèji ke’l rive degaje yon mannyè pou anplwaye yo te ka rive jwenn motosiklèt yo.

Malgre nou pa gen twòp detay sou kantite moto ki distribye, li enpòtan pou konnen, direksyon sanitè branch Nòdwès la ak direksyon agrikilti, se divès lòt benefisyè pwogram sila.

Kritik yo swete wè, yon bon sistèm amenajman ki djanm, pou veyikil sa yo pa fè wout krochi ou pran pann sèlman pou yon ti boulon.

Comments are closed.