Aksidan fatal sou wout Plèn di Nò a : Yon manman ak de timoun tonbe pandan y ap pran direksyon lekòl

A
10/12/2026
Plèn di Nò, Ayiti _____(TRiboLAND) Yon aksidan sikilasyon rive, maten lendi 12 oktòb 2026 la sou wout Plèn di Nò a, kote yon manman ki t ap mennen pitit li lekòl sou yon motosiklèt 110 te tonbe ansanm ak de timoun ki te dèyè li. Dapre enfòmasyon ki disponib yo, se lè yon lòt chofè motosiklèt pase twò pre li, sa ki lakòz li pèdi ekilib nan mitan presyon ak ezitasyon, li tonbe ak timoun yo.
Erezman, timoun ki te viktim nan aksidan sa a pa sibi gwo blesi. Sepandan, moun ki te nan antouraj la te oblije kouri pote yo ale nan lopital pou yo te ka resevwa swen medikal ki nesesè yo. Ensidan sa a soulve yon lòt fwa kesyon sou fason kèk chofè ap sikile sou wout yo, sitou nan lè lekòl ap antre ak lè elèv yo ap soti.
Devan sitiyasyon sa a, plizyè sitwayen mande chofè yo pou yo fè plis pridans, respekte distans sekirite epi evite manèv ki kapab mete lavi lòt moun an danje. Yo lanse yon apèl bay sèvis sikilasyon ki konsène yo pou ranfòse kontwòl yo nan zòn ki gen gwo risk aksidan yo, sitou nan lè lekòl ap antre ak lage, yon fason pou pwoteje lavi elèv yo ak tout lòt itilizatè wout yo.






