Chèf gang Village de Dieu: Arnel di adye

215

02/26/21

Lestè_____(TRiboLAND) Aprè ke li te evade nan prizon sivil Kwà Dèboukè a, gro chèf gang toupwisan peyi a, Arnel Joseph jwen ak zo grann li sou wout Lestè, depatman Latibonit jodi vandredi 26 fevriye 2021 an.

Arnel ki t’ap trese lèl pou retounen lakay li sou yon motosiklèt, 24 èd tan aprè evazyon prizon sivil Kwà Dèboukè a, te tonbe bab pou bab nan tchèk pwen lapolis e ki aprè deklentche yon veritab echanj kout zàm ant ajans PNH yo ak Arnel ki arive tonbe anba bal, daprè otorite PNH yo.

Ke nanm Arnel repoze nan lapè e ke lonbwaj li vizite tout sa yo ki t’ap itilize’l pou kidnape ou touye anpil inosan sitwayen ayisyen.

Comments are closed.