Krèy prezidansyèl 7 tèt la prete sèman nan nivo Palè Nasyonal.

790

04 – 25 – 2024

Pòtoprens, Ayiti____(TRiboLAND) Nan kad yon seremoni ki te dewoule byen bonè jounen jedi 25 avril 2024 la, krèy prezidansyèl 7 tèt la prete sèman nan nivo Palè Nasyonal, kontrèman ak divès mesaj ki t’ap klèwonnen konsènan prestasyon sèman krèy prezidansyèl la nan Vila Dakèy.

Pou konsolide prestasyon an ki t’ap dewoule anba gwo bri katouch, e amelyore enstalasyon konsèy la, yon arete san pèdi tan sòti nan menm moman an, pou nome pou yon ti bout tan, mesye Patrick Boisvert, kòm premye minis.

Yon sityasyon ki pèmèt, krèy prezidansyèl 7 la oblije rann yo nan moman nap pale la a nan primati, yon mannyè pou al delivre yon mesaj ak nasyon an.

Comments are closed.