Inyon Ewopeyèn di li pran distans li ak referandòm Jovenel Moise la

414

04/25/2021

Atravè reprezantan Inyon Ewopeyèn an pou Afè Lòt bò Dlo ak Politik Sekite, Joseph Borrell, deklare nouvo konstitisyon ke majorite pèp ayisyen ap reklame a flou e li pa adapte ak sitiyasyon aktyèl peyi a. Pou Inyon an, yon pwosesis parèy ta dwe inklusif e susite bonjan debag rese sere avèk opozisyon an e pase pran sosyete sivil la.

Borrell rapouswiv pou li raple ke delegasyon Inyon Ewopeyèn nan te pibliye yon kominike nan mwa “jwen 2020, kote ke li te fè apèl a dyalòg inklusif ant tout fòs politik peyi Dayiti yon fason pou yo te jwen yon deplòtonay kriz la atravè yon akò sou kondisyon adekwàt òganizasyon eleksyon lib, kredib, onèt, e demokratik nan kàd konstitisyonèl ak lejislatif ki repon ak rèv pèp ayisyen an.”

Comments are closed.