Nòdwès: Sant Sante Senjozef nan Bono ap fè fas ak gro difikilte pou bay malad kolera swenyàj.

1,417

01-27-2023

Bono, Ayiti___(TRiboLAND) Responsab yo nan Sant Sante Senjozèf, 5èm seksyon Bono nan komin Senlwidinò, ap pran gro lakilbit nan bay plizyè malad kolera, ti moso swenyàj medikal.

Sitiyasyon inefikas sa, okazyone plizyè moun arive mouri anba kolera a ki kòmanse ap wouvri zèl li tout komin nan. Sant Sante Senjozèf ap pran lanm akoz absans medikaman ak sewòm nan kad tretman pou sa yo ki kontamine anba kolera nan komin nan.

Konsa, se rèl kay Makorèl pou moun Bono! Popilasyon an pa konnen ki sen pou li rele fas ak yon parèy male pandye ki solisite entèvansyon vit e prese Ministè Sante Piblik ak Popilasyon.
Kolera a tèlman ap fè raj nan komin Bono, malad yo konn pa gen chans rive nan sant sante yo,yo mouri nan wout.

Kidonk, fanmiy yo ki pa motive ase, kouri ap chante vèy answit mete moun kolera nan mòg pandan kontaminasyon ap miltipliye nan mitan fanmiy yo. Se ka pou komin Ansafolè, kote yèswa yon moun mouri nan kolera e trouve li ap glase nan yon mòg.

Si responsab sante piblik yo pa frenen deriv sa yo, gen anpil chans pou tout popilasyon an kontamine ak kolera.

Pierrilien Nicol Colly

Comments are closed.