fim sineyàs ayisyèn Gessica Geneus “Freda” chwazi pou Oscars 2022

2,736

Gessica Geneus, Direktris

(TRiboLAND) “Freda”, yon fim ayisyen wo nivo ke Gessica Geneus reyalize ki jwen anpil “Ochan Chapo ba” nan moman pwojeksyon li nan kategori “Un certain regard” nan Festival Cannes” 15 jiyè 2021 dènye nan peyi Lafwans. dapwè sa reyalizatris fè konnen sou Instagram.

Admirasyon pou “Freda”, pat rete sèlman nan nivo Festival Cannes sèlman; jodia li kontinye ap fè lapli ak bontan nan yon nivo ki pèmèt “long métrage” la jwen benediksyon “Oscars 2022”. Se yon gwo etap ki fè non sèlman reyalizatris Geneus fyè, men egalman yon seleksyon ki pwàl resisite sinema ayisyen an.

“Freda” depikte yon tablo tris de siyasyon aktyèl peyi Dayiti, kote ‘Freda” ansanm avèk fanmiy li ap viv nan yon katye nan Pòtopwens, kote ke vyolans gang ap miltipliye e paralize lavi. Konsa, sitiyasyon sekirite peyi a tonbe andefayans, sak deside pati, lage pye yo; alòske “Freda” ki rete kwè nan avni lakay, chwàzi pa fè wonn dèpòt.

Antouka, nan mwà mas pwochen, Ayiti ap repwezante an gran panpan atravè yon veritab èv sinematografik “Freda” ki mete anpil lajwà lakay Gessica Geneus ki te depoze kandidati li o dènye moman pou yon parèy seleksyon.

Comments are closed.