Lapolis Nasyonal Dayiti gradye 9èm kowot UDMO/CIMO nan Mòn Kas

1,308

01-27-2023

Fòlibète, Ayiti___(TRiboLAND) Plis pase yon santèn nouvo ajan lòd piblik pran angajman yo ofisyèlman nan PNH, atravè yon seremoni gradyasyon ki te dewoule nan Mòn Kas jodi vandredi 27 janvye 2023 a.

Entegrasyon nouvo ajan sa yo ki se 53 gason nan kò entèvansyon e mentyen lòd (CIMO) ki sèmante pou sèvi ak pwoteje, antre nan kad rapouswiv plan devlopman estratejik PNH la pou arive ranfòse efektif lapolis ak respekte yon seri standa polisyè sou plan entènasyonal.

Yon seremoni ki te fasilite prezans Sekretè Deta Sekirite Piblik la ak Reprezantan PM Ariel Henry, Reprezantan CSPJ ak komisè gouvènman Fòlibète a e dirèkté jerenal lapolis depatman Nò a.

Nan fen diskou direktè depatmantal lapolis Nòdès la, Mack André Cadostin, fè konnen “se nan yon kontèks trè difisil polisye nou pral travay”, daprè alatèt la ki mande yo byen metrize sa yo te aprann nan.

Jn Simon Manex mjsnews701@gmail.com

Comments are closed.