Pòdpè Mete Lòd nan Moto : Nouvo Mezi Fò pou Konbat Ensekirite

281
0
Share:
TRiboLAND

11/17/2025

Pòdpe, Ayiti _____(TRiboLAND) Mèri Pòdpè anonse aplikasyon yon seri nouvo dispozisyon pou regle sikilasyon motosiklèt yo nan komin nan. Desizyon sa a vini apre plizyè ka vòl, agresyon ak zak ensekirite kote motosiklèt souvan enplike.

Daprè kominike a, tout motosiklèt oblije anrejistre nan Mèri a.

Chak chofè dwe posede yon Kat Idantifikasyon Kominal (KIK).

Nimewo KIK la dwe matche ak nimewo motosiklèt la.

Lamèri anonse, yon dat ofisyèl pou kòmansman aplikasyon an ap anonse pa twò lontan; Mèri a di objektif yo klè : fasilite idantifikasyon motosiklèt yo, diminye zak kriminèl ki fèt ak moto, mete plis lòd nan sikilasyon ak bay otorite yo plis kapasite entèvansyon.

Administrasyon Majistra Josue Alusma mande tout chofè motosiklèt yo rete enfòme epi pare pou pran kat idantifikasyon yo dèske sèvis la ap lanse byento. Mèri a fè konnen siksè operasyon an depann de kolaborasyon popilasyon an.

Share:

Leave a reply