Ansyen kandida pou pòs prezidansyèl, Moise Jean Charles, vizite kanal larivyè Masak la.

950

01-27-2023

Wanament, Ayiti ___(TRiboLAND) Nan yon anbyans trè sonb ansyen senatè depatman Nò a, Moise Jean-Charles vizite Wanament jounen vandredi 27 janvye 2023, prensipalman kanal larivyè Masak la.

Lidè Pitit Desalin nan, ki bay plizyè manm nan ekip li a sipriz, te rive sou kanal larivyè Masak la, kote plizyè ti peyizan te envite l vin vizite . Moïse Jean-Charles ki fè konnen vizit li a se objektif pou solidarize l avèk peyizan nan zòn nan, aprè li te pran nouvèl peyizan yo kontinye ap travay nan kanal la.

Nap raple kanal larivyè Masak la fèt nan objektif pou awozaj tè peyizan yo nan zòn plèn nan. Se yon kanal ki te kòmanse sou ansyen prezidan Jovenel Moïse.

Jn Simon Manex mjsnews701@gmail.com

Comments are closed.