PLAN – NÒDÈS : Seremoni kloti fòmasyon jèn manman

2,557

07-02-2022

Seremoni kloti fòmasyon plizyè jèn manman ki soti nan plizyè seksyon ak komin nan Depatman Nòdès la mèkredi 29 jen 2022 a

Wanament, Ayiti____(TRiboLAND) Nan kad pwojè “Réduction de Grossesse Précoce et non-désirée dans le Nord-Est” peyia, biwo PLAN nan rejyon an patenarya ak DBTEC te lanse yon pwogram fòmasyon pwofesyonèl nan dat 14 Mas 2022 a, ki te plis chita sou “kouti” pou 20 jèn manman ki soti nan divès komin nan depatman an.

Sou bò pa Dona Stephan, ki se responsab PLAN nan Nòdès pale sou inisyatif fòmasyon sa ki antre nan kad travay ranfòseman kapasite PLAN genyen pou fèl ak travay otonomizasyon sosyo ekonomik pou pèmèt resipyan genyen ase konesans ak mwayen pou yo viv pou ede fanmiy yo, pitit yo ak kominote kote yap viv la. Li ale pi lwen poul di, lalwa nan peyi a pa pèmèt fanm fè avòtman, nan sans sa li di se plis sansibilizasyon li ka fè pou yo, li fè konnen sa ki plis kreye pòvrete lakay nou an Ayiti se fè anpil timoun, alòske Leta pa kreye mwayen pou sipòte manman sa yo ki chaje ak pitit.

Yon lòt kote, Reveran Pè Jean Lesly Hostin pwan laparòl nan okasyon an poul kalifye aktivite sa yo kòm mèyè mechanism ki pèmèt DBTEC reponn a vokasyon li kòm “zèv salezyen”. ” Nou menm salezyen nou se anvwaye jèn yo ki pi pòv nan sosyete a; nou la poun ede yo devni kretyen ak sitwayen ki djanm, pandan nap ofri pen ak travay”.
Pè Jean pwofite adrese l ak paran ki te prezan yo pou l di konsèy pa l ak PLAN pap sifi pou pou rezoud pwoblèm yo, li sijere moun yo fè rès travay la.

Pè Hostin pral kite Nòdes pou l al kontinye travay la andeyò peyi a pandan li te pase plizyè ane lap travay nan Nòdès men ane pwochèn li pap la ak yo. Li remèsye tout moun nan depatman an ki te sipòte travay li yo, men a prezan se yon lòt konfrè ki genyen pou asire relèv. Li swete wè menm kolaborasyon an nan travay la. Dieula Jean ki se yonn nan benefisyè yo, te pran lapawòl nan non jèn manman yo pou l te remèsye pwofesè a ak PLAN pou fòmasyon an, kote yo se 2èm promosyon ki gradye. Li mande lòt medam yo pou pa rete chita kreye aktivite pou yo ede tèt yo.

“Move tan difisil ak enstabilite fè genyen ki abandone wout reyisit la, men 18 ladan yo ki rete soude, pawòl PIERRE SILEUS ki mande yo pou yo mete an aplikasyon tout sa yo sot aprann pou demen yo kapab itil tèt yo.

Nap fè remake, pou responsab PLAN yo, pwogram fòmasyon rapid la te koute anviwon 1,250,000 Goud, san materyèl pa ladan l e kou fòmasyon yo te dire 4 mwa.
PLAN Entènasyonal Ayiti, te pwomèt chak benefisyè yo ap resevwa nan fen program nan yon machin pou koud; yon pwomès ki sanble pat rèspekte. Daprè Dona Stephan, genyen anpil gro demach kap miltipliye pou chak benefisyè arive definitivman jwenn materyèl yo.

Jn Simon Manex, TRiboLAND


Comments are closed.