Komisè Muscadin voye yon prezime bandi sangwen nan peyi san chapo

582
4
Share:
TRiboLAND

08 – 28 – 2024

Nip, Ayiti _____(TRiboLAND) Jeff Habitant tonbe anba bal Komisè Jean Ernest Muscadin jodi mèkredi 28 dawou 2024 la, nan zòn Bèken pandan-l tap tante travèse depatman Nip lan.

Prezime asasen an te pran yon katouch resamman nan jou ki sot pase yo nan kad operasyon lapolis tap mennen sou Bèlè, Jeff tap tante travèse Nip pou al pran swen Okay. Komisè Muscadin ki patap dòmi te lage GPS dèyè Jeff e mete men sou li nan kad yon tchèk pwent li tap fè nan tèt kole ak lapolis.

Daprè sa plizyè medya rapòte, Jeff Habitant anpil moun konnen sou non Bigg Jeff te fè pati group gang Kempess la ki bati katye jeneral li sou Bèlè.

Si bandi yo kontinye ap feraye nan depatman Lwès la, avèk Komisè Muscadin depatman Nip lan toujou rete yon veritab defi ou simityè pou malfwa sangwen ki pa sispann pran nan miskad nan depatman an.

Share:

4 comments

  1. Tertullien Mishma 28 August, 2024 at 22:19 Reply

    Anplis de ede jén yo fondasyon triboland toujou enfòme nou sou tout sa ki pa pase nan peyi nou ak peyi etranje mési pou tout bon bagay sa yo.
    Triboland latottue

Leave a reply