Jounen entènasyonal timoun: Martine Moise renouvle angajman pouvwa Jovenel Moise la pou plede koz ti inosan yo

243

11\21\20

Petyonvil____(TRiboLAND) Nan okazyon Joune Entènasyonal Timoun, an yon gro aktivite ki te reyini yon latriye timoun tout kalite, Premyè Dàm repiblik la, Martine Moise te rey`elman satisfè dèske li te patisipe nan yon parèy anbyans vandredi 20 novanm 2020 nan Petyonvil.

Martine Moise ki estime ke se yon aktivite ki gen anpil enpòtans, te profite pou renouvle angajman administrasyon presidan Jovenel Moise ap dirije a, pou travay sere kole ak tout antite ki gen kè doubout pou respè dwa ti jovi inosan yo.

Nan okazyon joune entènasyonal timoun, plizyè enstitisyon kap ede pare kou pou respè dwa timoun yo te reyalize plizyè aktivite notamman atravè kapital peyi a.

Comments are closed.