Nan objektif pou kontinye sipote konstriksyon Kanal lan, yon group sitwayen nan depatman Grandans lan, atravè kèk estrikti oganizasyonèl kolekte yon kantite tchotcho.

917

12 – 06 – 2023

Jeremi, Ayiti (TRiboLAND) Nan sousi pou kontinye sipòte konstriksyon Kanal Rivyè Masak la nan Wanament, yon gwoup sytwàyen rive kolekte atravè lekòl yo ak estrikti nan sosyete grandanlèz lan, yon montan 1076.378,88 goud, plis 101 dola ameriken.

Daprè manm komite a, yap genyen pou depoze lajan yo, sou kont inibank. Yon dispozitif ki deja genyen aval manm kominote konstriksyon kap jere Kanal la.

Nap raple, Jeremi pami yon latriye rejyon nan peyi a tankou nan entènasyonal la, ki bay mouvman kanal la anpil jarèt.

Comments are closed.