Devyasyon ak dilatwa : yon lòt fwa ankò, sitwayen ameriken Robert Brenton Nutter, jwenn arestasyon li nan Okay

824

07-28-2023

Okay, Ayiti____(TRiboLAND) Aprè ke yo te deside relache sitwayen ameriken, Robert Brenton Nutter, otorite yo nan Okay fè yon lòt simagri ankò. Sou lòd komisè gouvènman Okay la, Ronald Richmond, pwosede yon lòt ankò ak arestasyon mesye Nutter ki genyen yon bon bout tan enstale li nan Sid peyi a pou koz pèp ayisyen ke li estime kap sibi move tretman tout kalite.

Nan yon premye tan, Nutter te jwenn arestasyon li 4 jiyè dènye, Fèt Endepandans peyi Etazini, sou akizasyon etranje kap antre nan zafè peyia ak ensitasyon vyolans; yon seri akizasyon ke anpil moun popilasyon Sid la pase anba betiz; lè yo konprann nan ki eta bagay ki rele Core Groupe foure bouch li nan zafè ou desizyon peyia.

Nutter te jwenn liberasyon li akoz deteryorasyon sante li; konsa, li jwenn arestasyon li jodi vandredi 28 jiyè 2023 a, akoz li tap manke komisè Richmond dega.

Comments are closed.