Direktè Depatmantal Sante Nòdès la, Doktè Jean Denis konfime gen 7 moun ki deja trape maladi kolera

1,257

01-24-2022

Fòlibète, Ayiti ___(TRiboLAND) 7 moun fè maladi kolera nan Depatman Nòdès la, 4 nan kòmin Wanament ak 3 nan kòmin Monben Kwochi, aprè envèstigasyon responsab MSPP yo ki fè analiz e mennen ankèt nan kominote sa yo. S MSPP, tout ka sa yo gen lyen avèk Sèka Kavajal nan Depatman Plato Santral; swa se moun ki tap fè ale vini nan Sèka Kavajal ki ta pote kolera a nan Nòdès peyi a.

Responsab Sanitè Nòdès la mande popilasyon an pou pran prekosyon epi aplike prensip ijyèn yo tankou lave men nou ak trete dlo nap bwè, byen kwit manje n’ap manje. Konsa, li di yap pran tout dispozisyon pou limite dega yo. Kidonk, se sak fè Direksyon Depatmantal la, nan tèt kole avèk responsab diferan enstitisyon ak tout rezo kominotè yo tankou ajan sante yo, pou anpeche maladi kolera-a pwopaje kòl nan Depatman-an tankou lèl te premye.

Doktè Jean Denis di yap pran an chaj ka kolera yo epi fè prevansyon pou anpeche maladi-a gaye zèl li twòp nan Depatman Nòdès peyi a.

Yon lòt kote, Direktè Depatmantal Sanit Nòdès la pote presizyon sou ankèt sou NITRISYON Ministè Sante Piblik ak Popilasyon (MSPP) ap fè nan Depatman an; se yon envèstigasyon ki te pwovoke mouvman pwotestasyon kote menm kawotchou tap boule devan Direksyon Depatmantal sante-a pou reklame fòk gen moun Nòdès ki fè pati ankèt la.

Doktè Jean Denis Pierre deklare pwotestatè yo te mal konprann e li presize pou’l di nan moman rekritman-an responsab yo te pran twòp moun pou fòmasyon an aprè konkou-a anpil nan yo pa rive retni pou ankèt la.

Jn Simon Manex mjsnews701@gmail.com

Comments are closed.