Arthur Polycarpe, yon sitwayen angaje nan Grandans poze problèm iregilarite ki genyen nan posesis anrejistreman elektè yo.

74
0
Share:
TRiboLAND

08- 08- 2026

Grandans, Ayiti____(TRiboLAND) Arthur Polycarpe kise yon sitwayen angaje nan kominote Grandans lan, denonse iregilarite ki genyen nan posesis anrejistreman sitwayènn e sitwayen yo pou pwochen dewoulman eleksyon kap vini yo.

Pou pwofesè Polycarpe, popilasyon an nan Grandans, an majè pati pa okouran posesis enskripsyon an, ale wè pou yo ta enskri e konfime ki kote yo ap genyen pou vote jou eleksyon yo.

Ajoute ak sa, genyen anpil konfizyon nan dekrè lwa elektoral lan; manm konsèy ak direktè jeneral yo genyen responsablite ke yo pa asime. Fas a ansanm pwoblèm sa yo ki deja idantifye, Arthur Polycappe egzije otorite konsène yo pou korije san pèdi tan, iregilarite sa yo, yon fason pou pa òganize yon eleksyon chanpyèl ak jwèt manje tè ki kapab mete peyi a nan plis katchouboumbe.

Share:

Leave a reply