Konsèy Sekirite LONI, pou yon lòt fwa ankò, deside chita sou kriz peyi Dayiti a, jodi madi 24 janvye a.

1,101

Konsèy Sekirite Òganizasyon Nasyon-Zini, ap goumen pou wè nan ki mezi yo kapab pote yon solisyon nan dosye peyi Dayiti a.

01-24-2023

Wachennton, Etazini_____(TRiboLAND) Nan lide pou fè sanblan yap ede pèp ayisyen an sòti nan kriz pilitiko-ekonomik ak sosyal politisyen san koutcha ak blan je vèt lage peyi a depi dig dantan.

Konsa, Konsèy Sekirite Òganizasyon Nasyon-Zini a ap kontinye a fè yon tankou, kote ke li anonse yon lòt fwa ankò, yon seyans enfòmasyon piblik sou dosye kriz peyi Dayiti a jodi madi 24 janvye 2023 a.

Pou konseye yo ak rès mond lan kapab gen yon bon ide sou dosye Ayiti a, Konsèy la ap tann, reprezantant espesyal LONI an, ki li menm, se yon gwo zotobre nan Biwo Entegre Nasyon-Zini, Helen La Lime; kap gen pou fè yon ekspoze majistral sou kriz sila.

Atouka, pou kritik yo, se yon lòt seyans woule nan farinn kap kontinye atravè yon enstitisyon ki kontribye nan redwi Ayiti nan sa li ye la.

Comments are closed.