Madam Miot Marie Fitzcana Lafortune, se nouvo administratris Lopital Sentantwann Jeremi an.

331
0
Share:
TRiboLAND

03 – 24 – 2025

Jeremi, Ayiti______(TRiboLAND) Nan objektif pou pote amilyorasyon nan kalite laswenyaj ak modènize administrasyon lopital Sentantwann Jeremi a, direktè depatmantal ministè sante piblik Grandans lan, doktè Pierre Boutròce Gally, enstale madam Miot Marie Fitzciana Lafortune kòm administratris espas medikal la.

Ansyenn kontab UGP a, madam Miot, ranplase nan pòs sila, ansyen administratè Justin ke yo repwoche kòm administratè, ki tap mal administre lopital Sentantwann Jeremi an ki se yon lopital referans depatmantal.

Doktè Pierre Boutròce Gally, nan diskou seremoni enstalasyon an, fè konen li menm antanke antrenè, fè chanjman sa a, jis pou ekip lap dirije a, ka ranpòte viktwa,ki pa lòt bagay ke bay popilasyon an swen san te san fós kote

Share:

Leave a reply