FSPTTNO lanse yon klinik mobil pou fasilite aksè ak swen sante nan Pòdpè

08/04/2026
Pòdpè, Ayiti _____(TRiboLAND) Nan lide pou kontinye pote sèvis sosyal bay popilasyon an, Forum des Syndicats des Propriétaires, Travailleurs, Transporteurs Nord-Ouest (FSPTTNO) anonse òganizasyon yon klinik mobil ki pral dewoule jedi 6 ak vandredi 7 dawout 2026 la, nan Lycée Sténio Vincent, nan vil Pòdpè.
Aktivite a ap fèt soti 9è nan maten rive 4è nan aprèmidi. Daprè òganizatè yo, objektif la se pèmèt plis moun jwenn swen medikal de baz nan bon kondisyon, pandan y ap ankouraje prevansyon ak depistaj bonè pou divès pwoblèm sante.
Patisipan yo ap peye sèlman 250 goud kòm frè enskripsyon. Anplis konsiltasyon medikal yo, medikaman yo ap distribye gratis bay pasyan yo selon preskripsyon pwofesyonèl sante yo.
Klinik mobil sa a ap reyalize avèk sipò plizyè patnè, tankou OFATMA Pòdpè, HIC, DSNO ak PHAMA, ki mete tèt ansanm pou ranfòse aksè popilasyon an ak sèvis sante.
Pou Marcel Similien, kalite inisyativ sa yo montre angajman sendika a pou l sèvi kominote a, pa sèlman nan domèn transpò, men tou nan zafè byennèt sosyal ak sante piblik.
Pou bò pa l, Ilrick Augustave ankouraje popilasyon an pwofite opòtinite sa a pou fè yon evalyasyon sou eta sante yo epi resevwa swen ki nesesè yo, pandan li remèsye tout patnè ki rann aktivite a posib.
Klinik mobil sa a reprezante yon lòt etap enpòtan nan efò FSPTTNO ap fè pou amelyore kondisyon lavi sitwayen yo, atravè aksyon ki gen enpak dirèk sou sante ak byennèt kominote a.






