Divès fi nan peyi Dayiti pran Piki “Depo-Provera” pou gwosi san konnen gwo konsekans sa ka gen sou sante yo

771

08-20-2023

Ayiti____(TRiboLAND) Piki “Depo-Provera” se yon piki “planning” anpil fi itilize an Ayiti pou gwosi, san konnen ki kalite danje ki gen nan pratik sa e ki ka menm koz lanmò yo.

Piki “Depo-Provera” a, se yon piki ki fèt pou “planning” ki la pou anpeche moun fè pitit; men ki pa fèt pou tout moun itilize, akoz gwo danje sa gen ladan-l, tankou: moun ki itilize-l pa dwe gen pwoblèm san, li ka fè-w pa rejwenn fètilite-w, adolesan pa ka pran-l paske li bay pwoblèm nan zo, moun ki fè maladi sik paka pran-l, elatriye.

Daprè Doktè Norbrun Kerry Care-ry, avan yon fi pran piki sa, yo dwe fè yon konsiltasyon ki ekstrèmman enpòtan; se yon etap ki mande yon egzamen pou konnen si kò yo konpatib ak enjeksyon kontraseptiv sila.

Piki a fè moun gwosi se vre, nan fondman li, li pat fèt pou sa. Si yon fi pran piki sa, li santi pratrin li ap fè-l mal, li wè flou, lap soufle anlè, li dwe kouri vit kay yon medsen pou swit nesesè.



Comments are closed.